Featured

Djakout fè konnen gen yon lòt nèg ki jwe nan jwèt Roberto

Polemik se Polemik men bagay pèsonèl pa ladan, se sa Roberto Martino t’ap kriye. Daprè sa ki di Roberto te rele Shabba, soupliye’l pou Djakout pa antre nan vi pèsonèl li pou kanaval 2014 lan. daprè koze k’ap sikile Roberto avèk madanm li gen kèk ti pwoblèm. Djakout sezi opòtinite sa a pou atake T-Vice nan Kanaval la sou sa. Roberto te deja voye plizye avètisman, pou mesye yo te fè atansyon de mesaj yo pral fè pase nan kanaval la. Djakout menm pa pran koulè yo antre ak tout fòs. Yo fè konprann Roberto te antre nan vi pèsonèl Ti Regie kote li pa te gen rezon pou’l te fè, alò ane sa se kou pa yo, pou yo ale trè fon nan vi pèsonèl Roberto.

[su_youtube url=”http://youtu.be/sYt5KKOou7M” width=”700″ height=”520″]

[su_button url=”http://mizik.anmwe.com/song/145″ target=”blank” background=”#ef362d” size=”10″ radius=”5″ icon=”http://news.anmwe.com/wp-content/uploads/2014/01/play.png” text_shadow=”1px 1px 1px #000000″]PLAY[/su_button]

djakoutkanavalposter2014

Djakout #1 lage pòstè kanaval li deyò kote ou k’ap wè gen Kamera, gita sou yon kabann, li gen yon bikini sou li, gen boutèy bwason k’ap glase gen lòt men k’ap manyen gita Roberto an, Berto menm sou iPad li, nan voyaj, e li etone de sa li ap gade an.

Daprè sa yo di nan kanval la, yo fè konprann ke Roberto gen 2 gita, yonn pou li al travay e yonn ki rete lakay li. Djakout #1 fè konpran yo manyen madan Roberto. Ebyen bagay madan Roberto a gen kèk tan l’ap kouri nan media, ebyen DJAKOUT #1 lage tout bagay deyò.

Roberto ki toujou nan voyaj al jwe, te rive pa fin konprann sa ki t’ap pase lakay li. Ebyen sa li te fè li te pran yon envestigatè prive, li mete kamera lakay li, pou li te ka wè sa k’ap pase, ebyen sa li te wè li pa ka pale. Madanm li avèk yon bon zanmi de fanmiy jan Djakout #1 di li JOJO te mèt kay la lè li pa la. Daprè lot koze k’ap pale Roberto nan rout pou li divòse. Gen anpil lòt bagay ki gen pou soti.

Men pandan n’ap ri nan kanaval la gen yon fanmiy ki kraze, sel sa nou k’ap di sa se vi Atis, lè ou se yon STAR gen yon pri pou sa a, ou pa gen vi prive. Paske tout moun vle konnen sa k’ap pase nan vi’w.

To Top