Entertainment

Digicel ekize’l sou afè final DIGICEL STARS 2014 lan men esplikasyon an mande chita

Apre anpil moun te leve kanpe sou jan final DIGICEL STARS 2014 lan te pase an, ebyen Digicel te fè eskiz li sou erè ki te pase sou distribisyon nimero de vot kontestan yo pou Digicel Stars lan. Daprè sa Digicel te fè konnnen, yo te gen yon pwoblèm teknik nan platfòm SMS yo jou ki te Samedi 6 Decembre lan nan maten, pou yon afè de 30 Minit. Yo fè konprann ke ke nimero Charlin Bateau an ki te #1800 te vin pou Rose Dahlia Saint-Louis, epi pa Rose Dahlia Saint-Louis ki te #1100 te vin pou Charlin Bateau. Sa vle di moun ki te vote pou Charlin se Rose Dahlia ki te jwenn vot sa yo, e moun ki vote pou Rose Dahlia se Charlin ki te jwenn li, pwoblèm sa te la pou 30 minit.

Men pwoblèm ki ekziste nan sa Digicel de klare an li pa fin chita trè byen, oubyen yo pa di tout bagay. Si nou ale o fon, Digicel di platfòm SMS yo an te gen yon pwoblem teknik pou 30 minit kote nimero 2 kontestan yo te chanje ak lòt. Kesyon ki bon pou poze, eske platfòm SMS sa se pa li menm tout telephone Digicel yo sou li an, oubyen eske se yon platfòm espesyal ki te la jis pou konpetisyon an?. Si platfòm SMS Digicel ap bay pwoblèm li pa ka sèlman afekte 2 kontestan yo sèlman, li ta dwe afekte plizyè lòt kliyan tou, paske diran 30 minit sa se pa sèl moun ki t’ap vote pou kontestan yo ki t’ap voye SMS. Sonje byen wi, yo di platfòm SMS yo t’ap ba yo pwoblèm teknik. Sa vle di ta dwe gen lòt moun ki voye SMS bay moun pa yo, men k’al jwenn yon lòt moun konplètman diferan, e yo pa konnen.

Al GADE VIDEO kote Fanatik Charlin yo te leve kanpa KLIKE LA

Nan atik ki ekri sou Le Nouvelliste la, Digicel di li regrèt ensidan, men yo vle asire fanatik tou 2 kontestan yo ke Rose Dahlia te gentan an tèt konpetisyon an depi nan douzyèm semèn, depi avan platfòm SMS yo an te gen pwoblèm nan. Yo fè konnen diran 30 minit pwoblèm teknik lan te gen yon afè de 13096 vot ki te anrejistre pou tou 2 finalis yo, yo di yo anile 13096 vot sa yo, e y’ap remèt moun ki te voye SMS sa yo lajan yo.

Diran 30 minit sa kote platfòm SMS lan te gen pwoblèm nan, yo dekouvri pwoblèm nan, vot Charlin t’al pou Rose Dahlia, pa Rose Dahlia yo t’al pou Charlin, pou ki sa yo pa te retounen vot chak finalis yo ba yo. Anile 13096 vot pa fè sans, Se ki yès nan finalis sa yo ki te gen plis nan 13096 vot sa yo? Sa se yon kesyon ki bezwen pou reponn, e an plis Digicel te ka distenge chak grenn vot pou ki yès li ye, alò la pa gen rezon pou yo te anile 13096 vot, se jis remèt chak finalis vot yo.

digicelStars

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top