Love & Sex

Dekouvri ki lè pou ou kite yon relasyon ou santi ki p'ap mache

RELATIONSHIP TALK- Lè ou avèg akoz de yon santiman ki si tèlman fò pou yon moun ou apenn antre nan yon relasyon avèk li, li vrèman difisil pou ou wè objektiv relasyon sa. Ou la w’ap fokis sou bagay ki bon sèlman, epi w’ap fè eskiz pou tout vye tenten moun nan ap fè. Ou kapab kon sa antre 3 mwa jiska 2 zan.

guy-ignoring-you

Ou si tèlman vle pou relasyon sa reyisi, ou la w’ap bay tèt ou manti, ke tout bagay ap prale byen nan relasyon an. Lè yon bagay mal rive, ou prefere inyore sa, e ou la w’ap fokis sou bagay pozitif ki te pase. Pandan ke rete pozitif nan yon relasyon pa yon move bagay, men ou vin pa ka diferansye byen avèk mal, ou vin sitèlman avèg ou pa menm ka wè, li lè pou kite yon relasyon.

Me kèk siyn pou konnen li lè pou ou bay dèyè ou 3 tap pou ou kite relasyon sa a.

1) Eske moun sa renmen’w pou moun ou ye an?

Eske moun sa renmen’w pou moun ou ye an, oubyen l’ap chèche mwayen pou li chanje’w. Si li toujou ap di’w men ki pwoblèm ou, men ki defo’w ebyen ou mèt met nan tèt ou moun sa pa renmen’w pou moun ou ye konneye a. Ou vin met nan tèt ou, ou pa bon ase pou moun nan, e ou kòmanse ap fè tout sa ki posib pou ou ka prouve moun nan ke ou bon pou li.

Lè li dakò avèk yon bagay ou fè ou santi ke ou se yon pakèt moun, ou santi ou fyè ak tèt ou, men lè li dezapwouve yon bagay ou fè, ou wè se pou’w fè plis efò pou ou ka pwouve tèt ou. Ou gen zanmi ak fanmiy nan vi’w ki panse ou se yon bon moun, koute yo pito, tanke w’ap bay tèt ou pwoblèm pou yon moun ki pa menm konnen ou byen.

2) Eske l’ap maltrete’w anmenmtan l’ap di li renmenm?

Se ki jan l’ap aji apre yon bon tan? Li toujou pi bon pou ou gade aksyon yon moun, tanke sa l’ap di. Anpil moun di bagay yo panse oubyen emosyon yo genyen nan diran moman ak kote y’ap pale avèk ou an. Si l’ap di li renmen’w, men li pa vle pase tan avèk ou si ou p’ap fè yon bagay pou li, ebyen li pa vo tan’w. Pa jis chita ap gade ti bagay li fè ki bon ki nan liyn ak sa ou vle, men pito gade tout bagay nèt pou k’ap jwenn yon konklizyon.

3) Eske ou ap fè efò pou li ka plis renmen’w?

Ou santi se sèl ou k’ap fè tout efò nan relasyon an. Sa’k pase a yonn rankontre lòt nan mitan? Nan yon relasyon, li bon pou tou 2 moun fè efò pa yo. Depi ou santi w’ap fòse pou fè yon moun renmen’w, ou mèt met nan tèt ou, relasyon sa pa pou ou. Lanmou yon moun pou ou, dwe vini natirèlman. Si se ou ki toujou ap fè, ou menm ki toujou ap bay, sa se yon siyn ki di’w moun sa pa la pou ou, li la pou benefis pa’l. Pa pèdi tan’w ak moun kon sa, gen moun nan vi’w, ki plis merite tan’w, ak enèji’w ke moun sa w’ap fòse pou renmen’w lan.

4) Eske moun sa plis bay bote’w ak kadans ou plis valè ke karaktè’w?

Cham vini ak anpil fòs, e bèlte pa dire. Eske moun sa wè pi lwen ke bote’w, ou menm tou eske ou ka wè kalite nan moun sa. Nan yon relasyon si yon moun toujou ap di’w jan ou bèl, men li pa janm pale de kalite ou gen lakay ou, li pa bay pèsonalite’w regle anyen pou li. Li bon pou ou fè yon ti chita panse. Paske tout tan laj ap monte, se plis chans pou ou pa sanble menm jan. Si ou gen bèl fòm, moun nan toujou ap pale de sa, si demen ou vin gro, se ki jan moun sa pral viv avèk ou.

Konsidere apre ou vin fè yon ti moun vant ou vin gro, moun sa ki te toujou ap fokis sou bote’w, jan ou anfòm, eske ou panse moun sa pral trete’w menm jan ak lontan? Depi yon moun pa ka wè pi lwen ke bote’w, moun sa pa la pou ou.

5) Eske moun sa toujou ap chèche sa ki pi bon?

Si moun sa toujou an rechèch pou moun ki ka pi bon, li pa vle soti nan piblik avèk ou pou moun pa wè li avèk ou. Sa se yon gro siyn li lè pou kite relasyon sa.

6) Eske ou janm rankontre ak zanmi oubyen fanmiy moun sa?

Si ou nan yon relasyon ak yon moun, li pa janm fè’w fè konesans ak fanmiy li, oubyen zanmiy li, sa se yon siyn ki di’w li pa la pou anpil tan. Li jis la pou benefis l’ap jwenn nan, to ou ta, l’ap kite’w.

7) Eske li toujou ap mennen’w nan baz?

Chak weekend ou menm ak mennaj ou se soti al pran plezi. Ou toujou nan yon fèt ak li, li toujou mennen’w nan baz kote zanmi li ye. Men li pa janm pran tan pou li al pase tan jis ou menm avèk li, si nou p’ap fè sex. Li vin pran’w tankou yon trofe li genyen. Ebyen moun sa kan li jwenn yon lòt trofe nèf, ki pi bèl, pi byen kanpe ke ou, l’ap mete’w atè, pou li ka al montre zanmi li, ak le mond, li gen yon lòt trofe ki pi bèl ke sa li te gen avan.

Pou nou fini

An majorite de fwa lè ou chita, lide ap vin nan tèt ou ke moun sa pa renmen’w jan ou renmen li a. Moun sa pa bay pwoblèm ou regle anyen pou li. Li sèlman wè tèt li. Se sèl pa’l ki bon, lide pa’w pa gen enpòtans devan’l. Sa ou vle antreprann pou ka fè vi’w mye pa enpòtan pou li, men li toujou ap pale sa li vle fè pou fè vi’l miyò.

Tout sa lap antreprann se pou tèt li sèlman, e li pa janm mete’w nan plan li. Ou pa bezwen bay tèt ou manti ke moun sa vle viv ansanm avèk ou. Santiman ou gen pou moun sa ka anpeche’w wè pou pran desizyon k’ap bon ou. Men li bon pou ou kwè nan tèt ou. Sispann inyore lide’w, paske anpil fwa se verite yo ye. Pa fòse moun renmen’w, si li pa ka ba’w menm avantaj w’ap ba li an, li vo mye ou pran rout la ou sèl, pi devan ou ka jwenn yon moun ki vin ede’w pote chay pa ou an. Pa gen rezon pou ap pote pwa pa’w, plis pwa yon lòt ki pa menm vle fè rout lan ansanm avèk ou.

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top