HMI

Deblozay nan klass a Paris

A L’ESPACE VENISE nan Paris, France; tout bagay gate nan Klass. Batay te kòmanse andedan, li soti deyò. Se te kout boutèy chanpay, kout chèz. Men se pa sèl sa, òganizatè bal la ACP PRODUCTION lakoz plis domaj san fè eskiz. Yon fèt ki te sipoze byen klasik ebyen mesye yo gate li. Mèt Club L’ESPACE VENISE fè anpil defisi, paske anpil tab ak chèz kraze.

Klass at Espace Venise

Tou pa tou kote Ayisyen ap fè bal, Fanatik ki soti al gade, ap konplenn pou menm bagay paske moun k’ap fè bal yo pa respekte moun, yo jis wè lajan. Ebyen an Frans ki gen renome kòm peyi ki gen plis klas nan le mond, òganizatè evènman Ayisyen yo toujou ap fè menm salte yo.

Bal la te kòmanse make pwoblèm depi o kòmansman. Sa ki fè sa sè ke, ACP PRODUCTION se te yo ki te òganize bal Klass la, ebyen mesye dam sa yo te lwe yon plas ki te gran, men yon semèn avan bal la, yo te chanje lokasyon. Yo te pran yon plas ki te pi piti ki se te L’ESPACE VENISE. Pwoblèm ki te ekziste L’ESPACE VENISE te deja gen yon lòt moun ki te lwe li pou yon mariyaj.

Malgre sa ACP Production te toujou lwe li, an espwa ke mariyaj la ap fini byen bonè. Ebyen sa pa te rive fèt. Nan tout kat de promosyon yo, yo te mete bal la t’ap kòmanse a 22 heures, ki se 10 heures nan aswè.

Fanatik Klass te kite lakay yo byen bònè byen abiye, malgre te gen anpil lapli avèk fredi. Lè yo rive devan L’ESPACE VENISE yo pa te ka antre, li te toujou okipe paske mariyaj la pa te ankò fini. Gen moun ki te kanpe nan liyn pou yo antre. Lapli t’ap tonbe, fredi ap touye moun yo, moun yo ap mouye, Nou kounen ti pèp nou an trè byen, vye mo ap lanse, moun ap joure, kòlè ap fèt. Mariyaj la te vin fini jis apre minwi, sa vle di moun yo fè plis ke 2 zèd tan anba yon lapli ak fredi pou yo al gade Klass, paske se te pou la premyè yo t’ap jwe a Paris.

Apre tout moun te vin antre Klass te fè eskiz li. Kòm toujou Klass, t’ap depoze konpa, se te #KlassItIsBaby. Yon senp ti konplenn ki te gen se te, si’w te kanpe trò pre Opalè yo (speakers), son an te yon jan gaye. Tout moun ka konprann sa, li toujou pi bon pou pa al kanpe trò pre opalè yo.

Bon li te fè ape prè 4:30 nan maten, se lè sa tout bagay te gate. Goumen an te kòmanse antre 2 moun, yo se pare yo. Apre yon lòt ti moman batay la rekòmanse nan yon lòt kwen nan club lan. Li te vin pa yon sèl 2 moun ki t’ap goumen konnya, li te vin tounen 2 group k’ap goumen. Se te kout boutèy chanpay, kout chèz, tab ap voye, moun menm ap kouri pou yo pa viktim, se te jis yon gro betiz.

Komisarya lavil Sarcelles deklare, ke y’ap fè tout mwayen disponib pou yo pa gen lòt evènman Ayisyen ki fèt nan vil la ankò.

Vèsyon an fransè

Que dire de ce qui c’est passe hier soir à l’Espace Venise.

Premièrement, Faut dire que certains organisateurs ne respectent pas les personnes qui viennent à leurs événements.
Faire attendre deux heures voir plus sous la pluie , dans le froid les fans car la salle n’était pas disponible suite à un mariage qui se déroulait dans la salle avant c’est tout simplement inadmissible. Et aucune petite compensation ou geste n’a été proposer ou faite. C’est qu’ils se moquent des personnes et y a que l’argent qui les intéresse.

Deuxièmement des événements qui se finissent toujours par des bagarres très violentes. Que le commissariat de la ville de Sarcelles a déclaré: “qu’il fera tous pour ne plus avoir de événements haïtien”. C’est pitoyable.

Le côté disant positif de tous ça car y en a quand même un peu, c’est que le groupe Klass a assuré son show donc Messieurs un grand bravo à vous tous Remerciement aux fans qui se reconnaîtront pour avoir permis malgré une organisation totalement nulle une bonne ambiance avant le déchaînement des certains animaux qui n’auront jamais de classe avec un comportement qui salisse d avantage notre nation. A méditer…

To Top