Culture

Ayiti jodi: Rezilta moun ki pase sou ban lekòl!

İmajjjj

Anpil fwa n’ap imajine pwoblèm peyi nou an, nou toujou ap voye je gade kominote entènasyonal la nou di k’ mete noou nan sitiyasyon nou ye jounen jodi a. Men aprè kèk refleksyon ak rechèch nou fè sou sistèm edikatif Ayisyen an, nou dekouvri se lekòl an Ayiti k’ fòme moun pou piye Ayiti. Paske lè nou voye je n’ gade nan tout bwat Leta tankou prive se moun ki konn li ak ekri k’ ladan yo. Yon peyizan ki depi l’ fèt ap kiltive ak fè elvaj pou voye bay granmanjè nan gran vil yo pa kontribiye nan moun ki kraze peyi a. Yon madan sara k’ap riske vi l’ sou tèt kamyon chaje kou legba pou pote yon bagay lakay, pa responsab nan kraze peyi a. Tout sa k’ fèt nan peyi a se rezilta moun ki konn li ak ekri men ki pa ni fòme ni edike.

Ki moun sistèm edikatif Ayisyen an fòme? Pou ki sosyete? Daprè Lasyans, fè etid gen yon ale-vini ak rezilta konkrè. Sa vle di, bagay moun kapab wè klè douvan je yo san yo pa bezwen fè okenn efò pou sa. Depi nou fèt nou toujou tande yo ap di yon ti gwoup Ayisyen fò anpil men lè nou voye je n’ gade Ayiti nou pa wè anyen k’ ta sanble ak rezilta yon konesans syantifik. Kisa moun ki pase nan sistèm edikatif tradisyonèl nou yo fè pou Ayiti? Pou jèn Ayisyen? Pou sosyete nou an kote relasyon fanm ak gason vin banalize? Granmoun dezate, timoun douz lane manman, laj pa konte ankò nan fwaye se moun ki pote manje nan kay la k’ granmoun. Nou gen yon peyi kote tout moun panse yo konn tout bagay pandan peyi a li menm ap degringole nan tout nivo. Ki abitan k’ pa konn ni li ni ekri k’ kontribiye nan kraze brize peyi a? Nou fè Ayiti mal. Nou fè Ayisyen k’ pa konn li ak ekri yo mal paske se yo k’ vrè Ayisyen an.

Nou di Ayisyen k’ pa konn li ak ekri yo se vrè Ayisyen, se pa paske nou vle di lòm pa ta dwe konn li, men li pa ta dwe fason sa ye an Ayiti a. Ou fè filo ou pa pale Fransè lavi w fini, ou se yon lajan pèdi. Yon sistèm tradisyonèl ki chita sou ki moun ki pale Fransè pi byen. Yon Fransè vyeyi k’ te konn pale nan tan Molyè. Yon Fransè menm yon moun ki fèt aprè 1980 an Frans p’ap rive konprann. Lang ou se ou menm. Pran lang nou kòm zouti pou n’ fè pase mesaj ak konesans nou genyen nan yon domèn espesifik. Si nan venteyinyèm syèk yon Ayisyen panse Lapolis se ènmi l’ se fòt moun ki pase sou ban lekòl. Si yon polisye ap itilize fòs pou l’ aji, se fòt moun ki pase sou ban lekòl. Si pèp la pa janm konnen pou kisa yon moun vote, se fòt moun ki pase sou ban lekòl. si ou menm k’ap li atik sa a di “mwen te jwenn Ayiti an bwa se pa mwen k’ap vin mete l’ an fè” se fòt moun ki pase sou ban lekòl. Paske se yo k’ montre nou egoyis, se yo k’ montre nou pou n’ viv chen manje chen paske sistèm sa a gen moun li fè byen.

Chak fwa nou gade eta peyi nou an toujou konnen se rezilta moun ki pase sou ban lekòl li ye. Chak fwa nou gade kijan peyi a an fayit toujou konnen se sèlman sa yon Ayisyen k’ pase sou ban lekòl ofri peyi a, epi se sa tou l’ kapab montre limanite. Ayiti p’ap kapab chanje tèt li, se Ayisyen k’ pou chanje l’. E chak fwa nou voye je n’ gade Ayisyen, nou wè devlopman Ayiti pa pou demen paske si dimanch ap bèl depi samdi w ka kòmanse konprann sa.

Djems VILLARD

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top