Haiti

Ayisyen Yè, Jodi, Demen: Yon Pèp ak Idantite

SI OU RENMEN TRAVAY N'AP FE AN RENMEN (Like) NOU SOU FACEBOOK

Depi nan koumansman batay pou revolisyon peyi Ayiti, gran blan te toujou gen nan tèt yo
menm si yon jou yo ta pèdi koloni sa a ki se te youn nan pi enpòtan koloni sou plan
ekonomik lan. Pou yo te bloke l’ pou l’ vin sa l’ ye jounen jodi a. Malerèzman yo rive fè l’.
Tout pandan peryòd revolisyon an, enperayalis yo fè tout mwayen pou n’ pa t’ rive lib paske
sa t’ap vin yon mennas pou yo nan tout lòt koloni yo. Men malgre sa gras ak zansèt nou yo,
nou te rive pran libète nou epi n’ bay nesans ak tèm sa a ki rele “Libète” a. Lè yo wè sa, yo
deside bloke Ayiti ak tout libète l’ la yon mannyè non sèlman pou lòt koloni yo pa t’ konn
sa, epi yon fason tou pou yo fè nou peye sa n’ te fè a paske nan epòk sa a gade yon blan nan
je sèlman se te finisman lavi. Yo rive bloke nou epi rann nou peyi ki pi pòv nan kontinan
ameriken. Jounen jodi a depi gen yon tèritwa sou kontwòl yo mande libète, yo di “gade eta
Ayiti pou nou wè si endepandans se yon solisyon”. Yon mannyè pou montre si Ayiti te rete
sou kontwòl yo li pa t’ap pòv konsa jounen jodi a.

Ayiti manman libète! Se konsa l’ ye, fòk nou ede timoun k’ap vini konprann sa epi respekte
l’ tou. Anpil mizik konpoze, anpil bèl diskou ak anpil bèl deba fèt nan radyo ak nan
televizyon pou rive eksplike ak jwenn kèk solisyon pou peyi a men anyen pa janm mache
paske gen yon pwoblèm ant objè a ak metòd la epi aplikasyon l’ tankou ansyen dwayen
Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) doktè Pyè Vènè k’ te tonbe pandan l’ap fè kou nan
tranbleman 12 janvye 2010 la ta di sa. Nou tout konsène, nou tout gen dwa pou n’ opine epi
pote solisyon. Si yon Ayisyen konnen yon byen se byen Leta lè l’ pa vle peye l’, li ta dwe
konnen tou l’ se byen Leta pou l’ pwoteje l’. Konnen rasin nou, respekte zansèt nou, chache
konnen tèt nou pou n’ pa kouche ak fyèv epi tèt fè mal lè nou pran refi nan yon anbasad. Pou
nou pa priye epi fè siy delakwa tou lè nou monte avyon pou n’ al chèche yon bagay kay
vwazinay pou n’ voye je sou sa k’ lakay.

Lè nou voye je n’ gade nan zafè mizik sèlman nou kapab konprann klè kòman sa ye. Paske
jounen jodi a menm Konpa nou pa tande ankò an Ayiti, nou pa bezwen mande pou mizik
Rasin ak Twoubadou ki se manman vant peyi a sou plan kiltirèl. Nou pran tout sa n’ wè nan
peyi etranje k’ kapab detui nou, men nou pa janm pran yon ekzanp ki kapab pouse nou pi
douvan vre. Tout moun nan peyi a sou rezidans, tout moun ap kouri kite peyi a paske jan
anpil nan nou di sa, peyi a pa pwomèt nou osinon ofri nou anyen. Men kisa nou ofri peyi a?
Si nou pa ofri peyi a anyen l’ p’ap kapab ofri nou ak lòt sa k’ap vini yo anyen tou. Paske se
nou k’ pou mete nan men l’ pou l’ jwenn pou l’ bay sa k’ap vini. Nou nan 21yèm syèk epi
n’ap viv tankou n’ te toujou nan 4yèm syèk. Si sa k’ pase avan yo te fè kèk erè nou menm
nou dwe korije yo. Osinon si gen kèk bagay sa ki pase avan nou yo pa t’ bay twòp enpòtans
epi ki koze gwo pwoblèm nan sosyete nou an, nou menm k’ap viv nan peyi a jounen jodi a,
nou pa dwe “reziye” osinon “pa kapab” men nou dwe okontrè moun ki devwe epi k’ met
Ayiti an premye tou. Anpil mizik konpoze, anpil atik ekri ak anpil gwo deba fèt men anyen
pa janm chanje.

Gen anpil gwo potorik gason k’ pase nan peyi a tou k’ te konn ap pote kole nan zafè ede
Ayisyen konnen tèt yo a. Anpil nan moun sa yo pase san okenn chanjman pa fèt nan sèvo vre
paske sa yo di ak sa yo ekri yo pa aplike nan popilasyon an yon mannyè pou ede nou
konprann vre sa k’ap pale a. Pou kisa Moris Siksto, Langichat ak Koupe Kloure elatriye pa
janm antre nan literati anndan lekòl? Eske se paske moun sa yo te itilize lang tout popilasyon
an pale a pou yo te kapab pase mesaj la ki lakòz dirijan nou yo pa janm pran leson epi fè l’
pase tou bay popilasyon an? Paske nou konnen an Ayiti gen yon pwoblèm lang ki poze.
Okenn moun pa vle pale Kreyòl yon mannyè pou bay sa k’ pa pale lòt lang yo yon bwa long
kenbe. Nou tout konnen gen kèk bagay k’ap pase nan mitan popilasyon an ki pa nòmal men
nou aksepte yo epi viv yo tou. Nou rele tèt nou reziye ak yon seri lòt ideyoloji negatif ankò
k’ la pou bloke nou sou wout devlopman an. Yon Ayisyen k’ toujou kwè l’ se Ayisyen
malgre tout vye bagay k’ap pase nan peyi a, pa yon “reziye” men l’ se yon Ayisyen ak gwo
“A”. Lè nou deyò epi pou n’ap swiv sa k’ap pase nan peyi a, nou pa kapab kwè se Ayiti pa
nou an vre n’ap gade a. Men lè nou tout pran konsyans epi aksepte tèt nou, lè nou tout
konnen kisa yon Ayisyen ye vre epi aksepte kote n’ sòti ak rekonèt ènmi nou, n’ap rive
dekole tout bon vre. Pou nou rive fè tout bagay sa yo li p’ap fasil men l’ pa enposib tou.
Paske si tout Ayisyen sa yo leve kite tout sa yo posede bay dominiken epi retounen lakay yo
volontèman, gen bon grenn toujou. Ayiti ap toujou Ayiti, Ayisyen ap toujou Ayisyen, n’ap
toujou premye pèp nwa, n’ap toujou pèp ki kreye LIBETE.

Djems VILLARD Psychologue MA

haiti-arme

To Top