Basketball

3 Jwè nan Miami Heat kraze kontra yo, Dwayne Wade se yonn nan yo

MIAMI, FL – Miami Heat gen anpil nan men yo pou yo regle pou vakans 2014 sa. Jodi an Dwayne Wade, Chris Bosh, Udonis Haslem chwazi pou yo soti nan kontra yo te gen avèk Miami Heat lan. Men kontra yo kraze a pa vle di yon move bagay pou HEAT. Mesye sa yo deside fè sa yon fason pou yo ka ede ekip plan jwenn plis lajan pou kapab siyen lòt jwè.

wade bosh lebron

LI ATIK SA TOU: Lebron James pran desizyon pou li soti nan kontra avèk Miami Heat

Pandan ke Chris Bosh poko kraze kontra pa li an, men li gen pou li fè menm bagay avèk Wade. Wade vle yon kontra de $60 milyon dola pou 4 ane, e Bosh vle desann lajan li an $15 a $16 milyon dola pa ane pou 5 ane. Si yo te rete nan kontra Wade t’ap touche $42 milyon pou 2 zan, epi Bosh t’ap touche $43 milyon dola pou rès 2 ane ki rete nan kontra li avèk Miami Heat lan.

Udonis Haslem

Udonis Haslem

LeBron James, Dwayne Wade, Chris Bosh kraze kontra yo, pou yo k’ap ede ekip Miami Heat gen plis lajan pou yo ka mennen lòt jwè ki gen plis talan bò kote yo. Malgre Bosh poko fè li ofisyèl ke l’ap kraze kontra, men moun pròch li deja fè konne ke l’ap soti nan kontra.

LI ATIK SA TOU: BREZIL 2014: Neymar placé sous investigation à cause de ses sous-vêtements

Pat Raley deja pran yon jwè nan NBA DRAFT 2014 lan, ke Lebronn James apresye anpil ki se Shabazz Napier ki sot chanpyon nan kolèj pou ane 2014 lan, li te jwe pou UCONN, ki se University of Connecticut. Napier fè 4 ane nan inivèsite.

LI ATIK SA TOU: Digicel bloke VIBER avèk TANGO pou ede gouvènman Haitien ranmase lajan sou apèl entènasyonal

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top