Haiti

18 Novanm 1803 – 18 Novanm 2015: 212 ane!!!

SI OU RENMEN TRAVAY N'AP FE AN RENMEN (Like) NOU SOU FACEBOOK

Ayibobo, Alaso Grenadye! Se konsa nou dwe reveye maten an. Osinon se konsa n’ ta reve ye? Nan non tout sa k’ tonbe yo, nan non tout sa n’ pa wè yo n’ap di “Lonè ak respè”. Jan nou toujou tande granmoun ap di: jou fèy la tonbe a se pa jou a l’ koule. Si jounen jodi a nou ka ap fete 212 ane viktwa nou se paske moun ki te trase vèvè yo t’ap panse pou nou jounen jodi a. Vèvè a trase men nou pa swiv li. Yo te konnen nou te gen pou n’ fyè de jou sa a. Yo fè sa yo kapab yo kite l’ pou nou.

Jan anpil nan nou konn sa, revolisyon pèp Ayisyen an se premye revolisyon ki reyisi nan listwa mond modèn nan. Daprè anpil istoryen dat esklav yo te kòmanse ak revolisyon sa a se te ak seremoni Bwa Kayiman an ki se yon seremoni vodou kote nou te nan nesesite pou nou te rele sa nou pa wè yo nan lane 1791. Epi se anchènman menm revolisyon sa a tou ki t’ap pral bay pèp Ayisyen an endepandans li nan lane 1804 ki vin fè l’ se premye Pèp Nwa lib k’ap viv sou latè. Epi se nan menm moman sa a tou fransè yo te tou pèdi koloni sa a ki se koloni k’ te pi rich pou peyi Napoleyon an. Men fòk nou di tou, avan revolisyon fransè a zile a te gen yon valè ki pa t’ kapab konpare ak okenn lòt koloni pou jan l’ te konn pwodui epi ogmante richès metwopòl la. Paske Jan Batis Kòlbè te vin ak yon sistèm Mèkantilis ki te gen pou misyon fè metwopòl la vin pi rich tout tan l’ kapab ki te chita sou yon monopòl kòmèsyal ak entèdiksyon tout endistri lokal.

Tout bagay se te metwopòl k’ pou te bay lòd, deside kantite k’ dwe pwodui pou jouk rive nan fikse pri elatriye. Nan moman sa a kolon yo pa t’ gen pyès respè nan je Gran blan k’ te sòti nan gran plan moun osinon nan noblès la ak gwo boujwa yo epi te gen yon lòt pati k’ te gen ladann ti fonksyonè, ouvriye ak anplwaye ki te gen kòm non Ti blan. Se nan menm moman sa a tou kolon yo t’ap pral tanmen simen twoublay nan koloni an, nan lide pou yo te kapab jwenn ti moso respè tou kòm moun. Nou p’ap rete sou listwa a sèlman paske gen plis pase sa lè ti bout tè sa a vin tonbe nan men Ayisyen frè ak sè mwen yo.

Jodi a n’ap fete 212 ane depi batay ki te ban nou endepandans lan te fèt. Kiyès ki prè pou kontinye batay san fen sa a kont ènmi nou yo? Nou plen zanmi k’ap pike nou nan do, tout bezwen fè eksperyans sou nou yon mannyè pou fè n’ peye endepandans nou an yon milyon fwa ankò paske selon moun sa yo libète nou se te yon derespektan. Men lanati ap fè travay pa l’ tou. Gason vanyan yo ka tonbe men gen yon kwayans ki p’ap janm pa avèk tout Ayisyen ak gran A. Nan non zansèt yo n’ap pran yon minit silans yon mannyè pou n’ di yo nou pa bwè dlo kase vè a, nou rekonesan epi nou p’ap janm trayi san nou.

N’ap di yo mèsi paske yo ban nou plis pase yon bout tè, plis pase yon idantite mondyal, plis pase respè ak fyète. Yo mete nan bouch nou yon lang ki makonnen nou tout ansanm ki rele Kreyòl Ayisyen. Frè ak sè mwen yo “Bon Fèt Vètyè” yon jou te k’ ban nou DELIVRANS!

Djems VILLARD

Bataille de Vertières day

Bataille de Vertières day

To Top