Love & Sex

10 bagay ki ka fè nèg ou kite'w nan yon coup d'œil

LOVE, SEX, RELATIONSHIP – Gen yon gason nan vi’w se yon djòb la jounen kon lan nwit li ye. E gen yon liyn trè delika pou ou swiv. Anpil fi ou wè ki yo sèl jodi an, se paske yo pa konnen kouman pou trete gason. Jis paske yon nèg rete nan yon kay avèk ou, sa pa vle di ou genyen’l. Gen fi ki toujou ap di depi li antre vin kouche dèyè’m m pa gen pwoblem sa li regle deyò an, ebyen se la ou fè erè an, paske li gen yon lòt moun li bay plis atasyon’l, yon lòt moun li tande pwoblèm li, yon lòt moun li toujou vle ansanm ak li. Me 10 bagay pou pa fè, bay relasyon’w yon chans pou li reyisi.

heartbroken-man

1) Maledve
Fanm ki maledve se yon asid batri yo ye, depi yo tonbe sou yon bagay se detri pou yo detri’l. Afè yon fi pa gen limit ak bouch li, li di nenpòt bagay, nenpòt lè, pa bezwen konnen si gen moun la, si pa gen moun la gason p’ap pran sa men’w. Sa ki pral rive gason sa ka vin trè vyolan kontre ou. Li pral nan ba ou kou. Yon bagay fi pa reyalize, gason pa ka pran tròp gro mo nan men’w, depi ou kòmanse ba li tròp, li pral vle kòmanse atake’w fizikman. E daprè anpil sa gason fè konnen depi yon fi maledve, fi sa pa pou yo.

2) Derespekte manman gason
Lè ou avèk yon moun li bon pou respekte paran li. Pa gen moun k’ap janm renmen pou ou ap pale manman li mal, joure manman li. Pou anpil gason depi yon fi nan derespekte manman’l, fi sa pa gen plas nan vi’l ankò. Menm si li rete nan kay la ansanm avèk ou, li kòmanse pa gen san pou ou. Manman yon gason trè chè a li mennm, si ou renmen nèg ou, e ou vle kontinye viv avèk li, rete lwen de manman’l. Depi ou nan joure manman’l, di manman’l vye mo sal, e byen nèg sa pral kòmanse voye pye menm jan ak yon milèt yo djige nan dèyè.

Ou menm ki yon fi, ki gen yon bèlmè ki pa konnen plas li, pa al nan joure ak li, jis pote pitit li plent li. Si pitit li pa vle kwè’w pran video li pote ba li. Si apre ou fè tout sa pitit gason li toujou pa mete manman’l nan plas li, al rete lwen’l. Depi ou nan joure’l tou ou pèdi batay lan. Fwaye’w tou kraze. Pa nan joure ak manman gason, jis bay limit li.

3) SEX ou limite
Yon gason ka panse avèk sex plis pase 100 fwa nan yon jounen. Lè ou gen yon nèg nan vi’w li bon pou ou ka satifè’l seksyèlman. L’ap plis anvi fè sex ke ou, alò ou menm w’ap oblije kreye mwayen pou ou fè sex avèk li, menm si ou pa sou sa pafwa. Depi ou eseye w’ap vin sou sa, alò bay mennaj ou plezi dwe priyorite’w, depi ou nan kòmanse ap ba li ratman l’ap kòmanse chèche lòt kote pou li ale.

Sex se yon gro faktè nan yon relasyon. Repetisyon ka vin parèt annwiyan, li bon pou ou eseye nouvo bagay. Si li gen yon fantezi wè si ou ka fè li tounen yon reyalite pou li. Lè ou bon sou kabann se plis rezon ou bay mari’w pou li rete anndan kay la. Paske li konnen depi ou mete men sou li, ou pral fè li monte nan syèl.

4)Pa konn fè manje
Gason pi mal pase yon ti moun visye. Depi li jwenn yon fi ki konn fè manje, e fi sa ap byen jere vant li, gason sa pa pral ankenn kote. E menm si li ta va ale, l’ap retounen. Pafwa anpil fi toujou ap mande pou ki rezon ki fè gason toujou pase ka manman’l al manje menm si li konnen madanm li fè manje. Ebyen se paske tout gason ap tann pou madanm li konn fè manje menm jan ak manman’l oubyen pi byen ke manman’l. Si’w se yon fi ki entèlijan li bon pou al chita gade ki jan manman li fè manje e ki sa li mete ladan. Paske gen yon gou li konn jwenn lè manman li fè manje, menm si li gen kay pa’l, l’ap toujou vle pran gou sa.

5) Ou pa renmen netwaye
Yon fi ki malpwòp se yon move rèv pou yon gason. Kay se fi ki jere sa a. Depi yon fi pa konn lè pou li bale, lè pou li al lave, lè pou li pase mòp oubyen twal mouye, kite veso sal plen yon lavabo, kote se gason k’ap rele dèyè’w pou fè yo, lè li bouke fè yo ebyen ou san lè pa gen nèg. Li pa yon pwoblèm pou gason an ede’w, men lè se li k’ap fè li toutan ou vin parèt initil nan kay la.

Gason Haitien fèt tou bon, kote manman’l te konn fè tout bagay pou li. Lè ou menm yon fi vin nan vi’l, ou pa menm ka fè yon ka sa manman’l te konn fè pou li, ou vin pa esansyèl. O kòmansman l’ap pran sa nan men’w, apre li vin abitye avèk ou li p’ap aksepte yo ankò. Medam sispan chita fè zong long, bay nèg ou gou pou li ka kouche sou yon kabann san ke li pa nan santi sab ap roule anba do’l, ba’l gou lè ou ba li yon kiyè, yo vè dlo, yon pla manje, li pa bezwen ap kesyone tèt li, si yo pwòp. Depi ou pa renmen pwòpte nèg lan ap kite’w.

6)Renmen Zanmitay
Se yonn nan pi gro pwoblèm yon gason ka genyen ak yon fi, lè fi sa renmen zanmi. Fi ki gen anpil zanmi toujou nan zen. Gason an te mèt jwenn nou ak tout zanmi’w ou mèt rete kwè kan li gen kontwòl relasyon an, li pral limite’w ak moun sa yo. Pa pale’l de zanmi gason ou genyen,
li p’ap pran sa nan men’w pou anpil tan. Lè ou sèl ou k’ap genyen zanmi ou vle genyen, men depi ou antre nan yon relasyon mete nan tèt ou ap pral gen yon ti chanjman.

Yonn nan bagay ki bon pou konnen relasyon pa mache tro byen ak anpil zanmi, si tou zanmi fi. Fi gen yon seri de abitid foure bouch yo nan bagay ki pa regade yo. E gen nan yon ki pa gen limit. Gason se yon kreyati ki trè tèritoryal, depi li santi gen yon moun ki vle vin ba li pwoblem nan relasyon’l, premye sa li vle fè se retire moun sa sou ou.

7) Gaspiyè
Yonn nan pwoblèm fi genyen, yo jis pa gen limit nan depanse. Lè y’ap achte, y’achte san limit, se lè yo rive lakay yo, yo wè yo te deja gen yon soulye, yon rad, yon soutyen, kon sa. Y’ap di yo pa gen rad, lè ou antre nan klozèt, pandri yo, pa gen kote pou pike zepeng. Pa di yo gen ti moun, chak soti, yo soti yo antre ak yon bagay. Wi ti moun nan bezwen rad, men fò ou mete nan tèt ou ke ti moun nan ap grandi. Y’achte yon pakèt bagay pou ti moun nan 2, 3 mwa ti moun nan pa ka mete bagay yo ankò. Li bon pou viv sou yon bidjè, ou pa depanse kòb ou pa genyen. Sispann fè kredi.

8) Parese
Nan pren bagay ki lèd kon sa kote yon fi jis chita p’ap fè anyen, ap tann nèg ba li lajan. Gen nan yo ki si tèlman parese, yo pa vle fè anyen pou menm ede tèt yo demen. Yo pa vle al travay, yo p’ap pral lekòl, yo jis la ap grate santi. Se rele yon moun pote yon plat manje ba yo, oubyen al kay yon zanmi al manje. Ap tann yon zanmi pral nan magazen, boutik, pou yo ale tou. Di zanmi peye sa pou mwen ma ba ou kòb lan. Yo fè kredi pase rat. Malgre yo gen yon nèg k’ap travay, nèg lan ap peye tout bagay nan kay lan, lè li retounen sot travay menm yon ti moso manje li pa jwenn pou li manje, se nan restoran li oblije ale pou al plen vant li avèk yon men lave.

Ou jwenn yon seri de fi an Haiti menm, non sèlman yo jwenn yon egare k’ap peye kay la pou yo, voye kòb pòch pou yo, malgre chak jou yo leve se grate santi, fè zong long, ebyen y’al pran yon bòn, pou nèg lan peye pou yo. To ou ta, nèg lan ap wè se bak w’ap fè li fè l’ap lage’w nan rout

9) Pa janm satistè
Yon fanm ki pa konn satisfè, se menm jan ak yon vye kamyon ou genyen ki jis pa reyalize lotre jou ou sot depanse yon voum lajan ladan, e li vin kanpe nan mitan laria avèk ou jodi an ankò, malgre ou gen yon kote trè enpòtan pou ale. Gason an gen pou li tande kouman li pa janm fè, kouman tout sa li fè se pou fanmiy li, li fè’l. Malgre fi an rete yon kote li pa konn le premye ni le dènye, l’ap mache fè moun pou gason an ke li pa janm fè anyen pou li. Menm pitit li ki rete nan menm kay ansanm ak li, fi a di si se pa li menm ki fè sa li konnen, ti moun yo pa t’ap ka al lekòl, pa t’ap manje. Fanm ki pa konn satisfè se yon viris, depi gason konn ki jan de moun li ye, li p’ap rete.

10) Fò ou ka kenbe kò’w
Nan pren bagay ba gason pwoblèm kon sa, lè yo avèk yon fi, pou wè fi an kòmanse ap degrengole nan men yo. Gen anpil fi apre yo fin jwenn yon nèg ki mete yo andedan yon kay, yo jis lage kò yo. Yo pa nan fè cheve ankò, yo mete nenpòt vye rad sou yo lè yo lakay lan, lè y’ap soti gason an oblije ap mande yo si se kon sa y’ap soti an. Tete yo plandye menm jan ak yon berejèn ki pran tròp solèy, e yo pap mete soutyen. Apre yo fin fè yon ti moun, yo jis mete nan tèt yo misyon akonpli.

Medam bagay yo pa kon sa. Apre ou marye ak yon nèg ou gen plis pou fè, pou nèg sa kap toujou enterese nan ou. Gason renmen lè madanm yo bèl, anfòm. Ou mèt tande yon nèg jalou, li renmen lè madanm li jwenn atansyon, pou ni fanm ni gason pa ka retire zye yo sou fanm li. Tout moun vle toujou jwenn konpliman pou yon bagay yo genyen.

Lè ou lage kò’w se pouse w’ap pouse nèg lan. Apre ou pral nan mande pou ki sa li pa fè sex avèk ou, pou ki li kite’w dòmi ak ti moun yo nan chanm nan li pran salon an pou li. Ou konn sa’k vin pase, li vin pa wè ou kòm madanm li ankò, ou vin on sèvant li. Ou okipe pitit li, ou fè manje, ou netwaye kay la, ou lave rad li etc…, lè li anvi fè lanmou l’al jwenn yon ti mennaj li gen deyò a pito. Men se pa li menm ki vle fè sa, se ou menm ki lakoz. Medam pa kite nou rive nan degre sa. Ni pastè, ni pè pa ka sove relasyon sa, se ou menm sèlman ki ka ede tèt ou.

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top