Crime

Ti gason 13 an yo pa te konnen kote li te ye pou 4 an, papa’l se yon Haitien

ATLANTA, GA, USA – Gregory Jean ki se papa jèn gason 13 zan ke manman’l pa te konnen kote li te ye pou 4 ane. Manman ti gason an te ripòte sa bay polis nan Florida an 2010 apre pitit li t’al vizite papa’l e li pa te janm tounen

missing-boy

Jèn gason sa ki gen 13 zan la polis te jwenn li deyè yon fo mi nan yon kay Vandredi 29 Nov. a 11h nan aswè, apre li te disparèt pou 4 an. Polis te resevwa yon enfòmasyon te gen yon jèn gason ke yo pa te konn kote li ye, ki te nan kay la. Lè polis te premye rive nan kay la te 5 moun ki te la e yo te fè konnen yo pa te konn anyen de jèn gason sa a. Apre yo te fin ale yo te jwenn yon 2eme enfòmasyon ki di jèn gason an te andedan kay la, akoz de sa yo te antre andedan kòmanse ap chèche tout kote.

Pandan ke polis yo t’ap chèche andedan kay la, jè gason an te rele manman li, di li ki kote li te ye. Manman menm te pase enfòmasyon sa a bay polis yo, e yo te vin jwenn ti gason an dèyè yon mi. Polis te arete Gregory Jean ki se papa ti gason an, Samantha Joy Davis ki se bèlmè an ak 3 lòt moun ki te nan kay la, ki te ba yo manti a. Daprè sa medya lokal te ripòte, ke papa ti gason an te refize retounen pitit lan bay manman li apre li te vin vizite’l an 2010. Manman ki viv nan yon lòt eta, t’al pran pitit li an Samedi.

Samantha J Davis / Gregory Jean

Samantha J Davis / Gregory Jean

Samantha Joy Davis ki se yon fi ki gen yon move dosye pou krim li fè sou ti moun deja. Li te koupe lang pwòp ti pitit gason’l an 2006 ki te gen sèlman 6 ann avèk yon sizo li te chofe apre ti moun 6 an sa te ba li yon repons, apre li te di’l yon bagay. Ti gason 13 zan pa te janm ka soti, yo pa te voye li lekòl, sèl sa vwazinaj te konn wè l’ap fè se netwaye lakou kay kote yo te rete an.

4 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top