HMI

REZON KI FÈ ALBUM INVASION CARIMI AN PA KA KANPE DEVAN LÒT ALBUM KONPA KI SOTI AN 2013 LAN.

CARIMI djaz medam yo. Gen yon bagay ki di depi gen fi yon kote gason ap vini. Depi an lagan Carimi ap travay pou medam yo, kòmanse nan album avan yo tankou BANG BANG, NASTY BIZNIS, ARE YOU READY, rive sou BUZZ, ou wè mesye yo te gen yon rèv, e yo travay di pou te fè rèv sa tounen reyalite. Apre anpil ane ebyen siksè kouvri yo nan tout kote yo pase, li mèt se Haiti, USA, Canada, France, etc… tout moun se Carimi.

CARIMI

Konnye a, yo gen yon lòt gro album ankò ki se INVASION, men eske li pi gro album ke BUZZ, eske li rive sou tout fanatik yo, eske li mete yo piro nan endistri mizik Ayisyen an (HMI). Ebyen se la nou pral avè’w.

[yop_poll id=”5″]

Kòmanse sou non avèk pòstè album nan, se 10 sou 10. Men depi lè Carimi te lage video KITA NAGO an, anpil fanatik djaz la (medam yo) t’ap poze yon sèl kesyon, se ki sa ki KITA NAGO an, paske video a pa te klè pou anpil moun. Lè album nan vin lage, si yon moun chita tande album nan w’ap wè album nan gen anpil potansyalite ladan’l.

Lòt gro pwoblèm nan album nan se non kèk mizik. Pa ekzanp ou gen KITA NAGO, iLL NANA, CHIKIBOOM, pou anpil moun mo sa yo se jagon yo ye pou yo. Si ou ta mande plizyè moun sa mo sa yo vle di, ou gen pou jwenn plizyè repons diferan. Ebyen sa pote anpil konfizyon nan album nan.
KITA NAGO = M’ap swiv ou tout kote ou fè,
CHIKIBOOM = Mwen regrète ou cheri, Cheri retounen, Mwen manke ou
iLL NANA = Fè lanmou tout kote avè’w, Bon bagay
Chak moun ka vini avèk pròp sinyifikasyon pou mo sa yo, sa pote yon pakèt konfizyon pou anpil fanatik. E konfizyon sa yo pa ede album nan, se diminye yo diminye valè album nan.

Si ou chita tande album nan w’ap trouve anpil grouv ak anpil mizik k’ap antre nan san’w. Men si ou pran tit mizik nan album BUZZ lan, yo plis lari. Ekzanp: Cheri fè’m kado’w, Fanm sa move, etc… anpil moun ka relye yo avèk tit sa yo pou fè mesaj yo pase.

Lòt kriz k’ap sakaje Carimi, se anpil moun ap kopye stil jan yo jwe, jan album yo sonnen, Fòmil yo. Sa ki move an, lòt djaz yo fè siksè ak sa yo kopye an. Si ou al koute GABEL – GON JAN POU YE album, w’ap trouve anpil Carimi ladan’l. HARMONIK – DIFERAN album, kòmanse sou postè rive nan mizik gen anpil rezanblans. Carimi oblije kòmanse fèmen kaye li, paske anpil moun ap pran poul. E mesye yo si tèlman ap kopye byen sa vin pa yon pwoblèm pou fanatik yo.

Nan tout mizik endistri li nòmal pou ou achte mizik nan men lòt prodisè. Jis bay moun nan kredi’l epi ou bon. Men anpil gro djaz pa vle fè sa a, si y’ap fè’l yo fè’l pami gro atis parèy yo. Paske yo pa vle desann tèt yo devan yon ti atis k’ap pwodwi. Yon gro ekzanp, yonn nan pri gro HIT ki fèt nan HMI la se “PA LEVE MEN SOU LI” li soti sou album SYSTEM BAND, men se MONEY G, ki te prwodwi li. Alò Carimi oblije kòmanse soti andeyo de yo, pou yo jwenn bèl mizik nan men lot moun. MIKA BEN te ede yo anpil nan BUZZ la, men nan album INVASION li pa fè trò gro enpak, malgre li nan 2 mizik nan album nan, NOSTALGIE avèk BABY I MISS YOU. E si w’ap chèche bon mizik nan album nan, ou dwe chwazi 2 mizik sa yo.

Nan HMI la gen yon seri de djaz album pa fè yo, se yo ki fè album nan. Sa vle di menm si album nan pa trò bon men a koz yo gen anpil fanatik sa ede album nan fè plis bri ke li merite.

Nan poll (poul) ANMWE fè Album INVASION, soti andènye ladan. Poll la prouve ke se li ki pi pay pou ane 2013 lan, “The Invasion album is one of the weakest album in the HMI for 2013″. Men sa pa vle di album nan pa bon, si ou al nan bal yo, ou ap byen danse. Carimi dwe chita panse a yon lòt strateji. INVASION se yonn nan album yo mete trò ro nan HMI pou ane 2013 lan. “INVASION is the most overrated album in the HMI for 2013″.

[yop_poll id=”2″]

1. Klass – Fe’l vini avan – ( 157 votes )

2. Zenglen – Rezilta – ( 81 votes )

3. Nu-Look – I got this – ( 68 votes )

4. Disip – Viktwa – ( 26 votes )

5. T-Vice – Resan – ( 24 votes )

6. Harmonik – Diferan – ( 22 votes )

7. Carimi – Invasion – ( 21 votes )

To Top