Love & Sex

Me ki jan gason dwe fè madanm yo vini avan seksyèlman

SEX & LOVE – Anpil gason pa reyalize ke fi gen anpil bezwen seksyèl. Ou pa ka jis fè mouvman poul ou, ou monte epi ou desann epi pou ou panse ou fini. Yon bon gason dwe toujou mete madanm li avan. Li bon pou ou satifè madanm ou, apre wa kòmanse regle bezwen pa ou.

black_couple_cuddling1

Si w’ap fè lanmou ou dwe kòmanse de la tèt, rive jis nan pye. E tout etap w’ap pran dwe fèt gradyèlman. Ou pa ka nan sote etap si ou vle satisfè madanm ou. Ou dwe mete tout 5 sans ou +1, la vue (Sight), l’ouie (Hearing), le toucher (Touch), l’odorat (Smell )et le goût (Taste), bon sens (common sens) ou nan travay. Fè lanmou toujou kòmanse avèk touche. Ou dwe kòmanse touche madanm ou, pandan ke w’ap touche madanm ou, se pou ap pran lang avèk li, karese tèt li, foure dwèt ou nan cheve’l, grate po tèt li lejè man, karese zòrèy li. Yon bagay anpil gason pa konnen, ou bezwen pou ou chofe fi an, fè fi an vin sou sa, ou pa ka jis parèt sou li, pou panse li pare.

Se pa sèl penis yon gason bezwen pou li fè lanmou. Ou wè 10 dwèt sa yo ou genyen nan men’w yo, se zouti pou yon gason pa janm bliye itilize lè y’ap fè lanmou. Se yo menm ki pou fè fi an mande pou plis. Kò fi plen sansè ladan, chak kote ou touche fè fi an reponn e obeyi a ou yon fason. Ou wè lè ou soti nan tèt yon fi w’ap desann, gen anpil gason ki fè erè sa, yo kouri desann nan tete fi an. Se yonn nan pi gro erè yon gason te ka komèt nan fè lanmou. Majorite fi fè konnen konnen ke kou yo sansib anpil, si tou lè y’ap fè lanmou. Ou dwe souse kou’l, fè tòtòt ak bò kou’l. Mode’l ak anpil tandrès, pa bliye ba li yon ti koka.

Lè ou fini ak kou li, si li gen vètman sou li, sa depann de ki jan derad li gen sou li, si li gen mayo, oubyen kòsaj, ou k’ap foure men’w anba kòsaj li, ou dwe ap karese, do’l, pase dwèt ou nan rèl do’l oubyen kanal vètebral li. Kanal vètebral se yon gro kle li ye, la ou antre antre nan mwèl tèt li. Ou dwe ap grafiyen do’l lejèman, si w’ap fè’l byen kò’l ta dwe fè chè de pou (goosebump) e fi an ta dwe santi kò’l dou. Apre ou fini ak do li, ou pase men’w sou vant li, epi ou monte nan lestomak li. Kit li gen soutyen oubyen li pa gen soutyen, ou ta dwe pwanye tete li, epi peze li douseman, pandan w’ap bo li ak anpil souplès. Si li gen soutyen sou li, eseye pou wè si men’w ka antre nan soutyen’l. Si li antre repwanye tete li ankò. Ou pa bezwen rete sou sa twòp ou ta dwe kòmanse deboutonen kòsaj li sou li, oubyen retire mayo li sou li. Pa bliye pandan w’ap retire kò saj li sou li, ou ka toujou kontinye ap bo li. Si li gen yon jip, oubyen pantalon sou li, pa retire yo, jis kite fokis ou nan lestomak li, vant li. Jis paske ou fini ak yon pati sa pa vle di ou paka retounounen ladan ankò, ou kapab retounen souse kou li, bo li, etc… men pa sote ankenn pati nan kò li.

Lè ou fin retire mayo oubyen kòsaj sou li, kòmanse bo zepòl li, bo anlè lestomak li, pa bliye bo sa yo ta dwe bo mouye. Pandan w’ap fè sa, wè si ou ta antre men’w andedan soutyen’l. Pa fè trò gro efò ak soutyen an pou ke li pa blese’l. Si men’w antre repwanye tete li, epi peze li douseman, epi wè si ou te ka detache soutyen an, si ou pa kapab pa ezite mande’l èd, sa ka rive pa fwa. Lè soutyen an soti kòmanse jwe ak pwent tete li, pandan sa ou ka ap bo li. Nan fè lanmou li enpòtan pou ou ka fè 2 oubyen 3 bagay an menm tan. Lè ou gen 2 jimèl sa yo devan ou li ase enpotan pou bay tou lè 2 satisfaksyon, pafwa an menm tan. Lè ou ap souse yon pwent tete, ou dwe ap roule pwent lòt lan. E li enpòtan pou ou chanje yo. Sa vle di ou pa ka jis rete ap souse yonn sèlman. Fò ou roule e souse tou lè 2.

Anpil gason pafwa panse jis souse roule tete sa ase. Non ou ka fè plis. Lè pou kòmanse roule tete fi an w’ap wè li vin di. Pwent tete fi se yon lòt pwen sansib li ye. Ou kap grafiyen pwent tete fi an tou dousman, oubyen ou ka mode li lejèman, ou kap poze pwent dan devan’w sou li fè kom si w’ap mode li san ke li pa fè fi an mal. Ou k’ap rale li ak dan ou tou, ou rale’l lage’l, jis pou k’ap fè fi an pran plis sansayon. Lòt bagay ou ka fè, ou ka laji pla men’w sou pwent tete fi an epi w’ap pase’l rapid sou li.

Apre w’ap desann nan vant li, w’ap bo li sou vant jwe ak lonbrit. Antre lang ou anndan lonbrit li, souse po vant li, tout sa se fason pou fè san li mache. Pandan w’ap souse po vant li, w’ap eseye antre men’w anndan jip li oubyen pantalon li. Si ou pa ka antre men’w pa ezite deboutonnen oubyen dezipe sa li gen sou li an pou ou ka jwenn aksès, men pa foure men’w andedan kilòt li. Ou ta dwe kòmanse karese do vajen li ak tout kilòt sou li. Ou ta dwe ap pase dwèt ou nan fant janm li, men ni piga ou mete men’w anndan kilòt lan. Pandan w’ap fè tout sa ak yon men lòt men an ta dwe ap roule yon pwent tete, w’ap pran lang avèk li, oubyen w’ap souse on lòt pwent tete. Nan lanmou li enpòtan pou ka fè plizyè bagay an menm tan.

Ou ta dwe kòmanse wè fi an jis lage kò li ba ou, sa vle di li pre pou tout bagay, e fi an ta dwe sipoze ap manyen ou tou san ke ou pa di li fè anyen. Pa ezite si li kòmanse ap chèche penis ou. La ou konnen santiman’l monte’l. Men pa kite sa detounen’w nan rout ou. Ou gen yon plan pou fè madanm ou vini avan, paske tout sa poko fè li prè pou vini. Li jis santi li dous, li bèl, e se yon fason pou’l di’w li vle plis de ou. W’ap plase men’w sou do vajen li ak tout kilòt lan sou li, epi w’ap pwanye (grab) li, ou ta dwe santi vajen fi an fè yon ti cho, e kilòt lan mouye. La ou nan batay.

Pandan men’w andedan jip lan ou pral plase men’w andedan kilòt li toudousman, epi w’ap kòmanse karese do vajen fi an, pase men’w tou dousman, pa bliye fò ap fè yon lòt aksyon, bo, souse tete, roule tete, souse po vant, pou fi an ka vin plis sou sa. Apre ou fin karese do vajen li, ou kapab kòmanse retire jip oubyen panatalon ki sou li an tou dousman, pa gen anyen pou al fè brital ladan. W’ap foure men’w ande kilòt fi an fè kom si ou t’ap pral glise dwèt ou nan vajen li, epi ou rale li monte, ou kapab fè sa plizyè fwa. Ou k’ap kòmanse bo bò kwis fi an, tout janm fi an, si ou alèz nan souse zòtèy ou ka ale jis ke la. Apre ou fin byen karese janm fi an, w’ap retounen nan jaden de dèn li, kote w’ap kòmanse glise kilòt fi an vè le sid.

Apre ou fin retire kilòt sou li, w’ap retounen ak souse po vant, men sèt fwa si, ou p’ap rete kanpe nan lonbrit w’ap desann jis sou do vajen’l. Lè ou rive la w’ap kanpe. Imajinasyon nan fè lanmoun se sa ki pi bèl. Se pou w’ap jwe ak moun nan, fè moun nan anvi’w plis, epi ou menm tou kontrole tèt ou. Ou pral komanse jwe ak ti lang vajen (clitoris) fi an. Ou pral mete yon dwèt sou li, w’ap sekwe, nan nennpòt direksyon, pandan w’ap jwe ak klitoris lan, se swa w’ap souse tete, oubyen w’ap pran land ak fi an. Ou ta dwe pran yon bon ti tan la ap jwe ak li. Paske se yonn nan pati nan kò yon fi ka fè li voye.

Lè ou fin jwe ak klitoris li byen jwe, anpil santiman ta dwe monte fi an. Men pa bliye pwojè’w se pou ou fè madanm ou vini avan. Alò ou pral glise yon dwèt andedan vajen fi an, epi w’ap karese vajen’l. Pandan dwèt ou plase andedan javen fi an ou menm ou pral plase lang ou sou klitoris lan, epi w’ap ba li sakaj ak lang ou. Se pou ap souse klitoris lan men pa tro di. Se pou ou byen karese bout anba li ak lang ou. Si fi an mete men’l sou tèt ou se nòmal, sa dwe ba ou konfidans w’ap fè bon travay. Fi a dwe kòmanse ap transfòme, zòtèy pye li koube, li pa gen kote pou li mete kò li ankò. Lè ou fin byen souse klitoris li, la ou pral mete baton moyiz pou li.

La ou nan pozisyon pou ou mete penis ou nan vajen fi an. Apre ou fin byen touche madanm ou, kò li ta dwe prè pou resevwa penis ou. Men li toujou bon pou ou plase penis ou avèk souplès. Men menm si ou fè tout tan ap jere madanm ou, ou pa ka jis parèt pou ou ejakile. Li bon pou ou kontwole tèt ou. Si ou santi ou vle ejakile e ou apèn kòmanse ou kapab rale penis ou deyò, pandan se tan ou kapab jwe ak klitoris lan, oubyen ou retounen souse klitoris lan, jis pou fè lè pou ou pa ejakile. Apre ou ka rekòmanse. Pa bliye pou ou bay madanm ou diferan pozisyon. Yon lòt fason ki pou ede’w pa vini rapid, lè ou santi ou pral vini, jis chanje pozisyon.

De tout fason gason an ap vini kan menm. Gen fi ki pa janm ka jwenn chans pou yo jwi sex paske gason pa mete yo avan. Kòm gason pa gen pwoblèm vini, alò mesye li bon pou nou mete medam yo an premye lè nou ap fè sex. Pantan sa karese madanm nou, bay madanm nou plezi. Alò yon konsèy tout sa nou pa vlè fè pou madanm nou, yon lòt nèg toujou pre pou fè’l. Pa di ou p’ap fè men eseye, jis pou fè madanm ou plezi.

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top