Entertainment

Bon ide oubyen move ide pou Harmonik soti Album nan 21 Desanm?

Aprè Harmonik soti Single “Mwen Bouke” an, tout moun deja santi Harmonik nan rout lakay li. Men nan tout sa k’ap fèt strateji se yonn nan bagay ki ka ba ou plis pousad pou ou rive. Anpil djazz nan HMI la, ou mande kote y’ap panse, ki moun k’ap ba yo ide pou fè yon seri de bagay.

Harmonik Diferan Poster

Nan Ka Harmonik li trè enpòtan pou yo soti ak yon nouvo album. Men pou mwen, dat yo chwazi pou yo mete album nan deyò an 12-21-13, pa chita tro byen pou mwen, menm si mwen pa konnen pou ki rezon yo chwazi’l. E mwen gen anpil rezon ki fè mwen pa fin dakò ak li.

1mye Rezon: Nan moman sa kote anpil gro toro soti album, e se pa nen pòt album, tankou Rezilta, Fè’l Vini Avan, Invasion, I got this, fò ou gen yon bagay ki ka si pase 2 nan album sa yo pou fanatik ka santi’w ou fè yon gro travay.

2zyem Rezon: Kote tout moun ap fokis sou fèt nwèl, radio, televizyon se sou nwèl yo fokis, al mete yon album deyò nan moman sa la, ap koz album nan pa jwenn ekspozisyon li merite a. Si tou lè ou bezwen tout ekspozisyon ki genyen.

3zyem Rezon: Apre Nwèl se Kanaval, tout moun pral ret tann gro kanaval ki gen pou soti. Si album ou pa gen des choz malè ladan, ebyen sa ka koz li pa mache.

4yem Rezon: Harmonik pa gen kote pou yo fè erè ankò, paske anpil fanatik Harmonik pa trò eksite lè’w di yo Harmonik konnya.

Si nou ale nan album “let’s Go” se yonn nan pi bèl album HMI la te ka gen, men akoz yo pa te promote’l, yo t’ap koute bouch moun k’ap di album nan pa bon, album nan pase inapèsi, epi li gaspiye.

Pa ekzanp al koute track sa yo epi di mwen sa nou panse. E si yo ta jis pran kèk nan trak sa yo, yo bay yo lòt non kwè’m w’ap jwenn y’ap mache plis ke yon seri de mizik k’ap mache konnya la a.

1. More then enough
2. Bò kote’m
3. Pa mòde
4. Fè sa yo vle
5. Si’m te gen
6. I Heart you
7. I believe in love
8. Angelique
9. Brase Lide
10. Harmonik Time
11. All the way
12. SMS

Alò m’ ta renmen jwenn yonn nan mizik sa yo ki pa bon. E gen nan yo se mega HIT yo ye. Album sa gen plis HIT ke anpil lòt album ki soti nan 2, 3 zan la a.

M’ap redi’l ankò nan tout sa ou ap fè strateji dwe jwe yon gro ròl la dan. Depi ou pa itilize’l, ou k’ap trouve anpil ti problèm, ki pa te dwe ekziste. Alò konsèy pa’m pou Harmonik, repanse desizyon nou, si fanatik yo ka rete tout tan sa ap soufri pou nou, 2 oubyen 3 mwa p’ap gen tan fè yo bliye nou. Bagay la se , Strateji, Strateji, Strateji. Album “Let’s Go” a gaspiye paske nou pa te gen yon bon strateji. Nou pa te bezwen fi sa nan mizik lan, e se pa li menm pou nou te dwe lage an premye. Epi pa bliye Djazz la se yon djazz #KonpaLove, jere medam yo pou mwen.

Ebyen mwen swete nou anpil siksè. Pa bliye itilize, Strateji, Strateji, Strateji.

Koute A R Klasik oubyen Koute A R Extra

Atik sa se yon Opinion, Kòmante pou nou bay Opinyon pa nou tou. Di’m si nou dakò avè’m oubyen si nou pa dakò.

Image Source: KonpaEvent

To Top