HMI

Arly Larivierre pèdi kontwòl li frape mikro atè.

I GOT THIS, Eske mayestro a vrèman gen kontwòl sa a?

arly fache

Arly Larivierre, nan yon bal nan vil natif natal li Cap Haitien, Maestro a, pèdi tout pasyans li. Apre anpil rega, kout zye, ebyen maestro a pa te kapab ankò ebyen li pèdi kontwòl li. Arly te sitèlman fache li frape mikro atè, li vòltije anlè menm jan avèk yon ti moun ki pran yon move kout rigwaz nan rèl do’l. Piblik la sezi, ou k’ap tande kri yo, paske yo pa te ekspere sa. Tout sa rive pandan Li t’ap chante “Mefye ak konfyans (La Confiance)”.

[su_youtube url=”http://youtu.be/z7KYLRjkqBA?t=1m1s”]

Nou pa ko gen yen okenn eksplikasyon ki fè Maestro a aji konsa. Nou pap kouri jije, men aksyon an pa parèt tro byen. Lè ou gen yon biznis w’ap jere ou oblije kontrole’w nan nenpòt pozisyon. Ak moun nan maestro te genyen li fè li siy a plizyè repriz pou li te evakiye “stage” men sa pa ba li rezon pou li aji konsa.

Alò gade video an, fè yon kòmantè de sa ou panse.

arly fache2

To Top