HMI

Rezon dèyè desizyon Mac D an pou kite Harmonik

MIAMI, FL – Apre Rodney Noel te retire tèt li kòm Manager Harmonik, 3 mèt djaz la, Sanders, Mac D, Nickenson Prud’Homme te pran Manager Nivens ki se yon kouzen Nickenson Prud’Homme. Nan dènye tan sa yo mesye yo fatige ak jan misye ap jere djaz la daprè sous nou. E sa se yonn NAN rezon prensipal ki fè Mac D vle kite djaz la.

harmonik

Men gen moun k’ap byen pale de manager Nivens. Yo fè konprann ke Nivens fè anpil pou Harmonik apre Rodney Noel te fin kite djaz la. Rodney Noel se li menm ki mèt Compas Festival, li gen anpil nan men’l pou li ka pouse yon djaz. Nivens pou tèt pa’l fè tout sa li kapab pou li te ka kenbe djaz la toujou programe. Yonn menm nan 3 mesye yo poko kraze silans yo, pou piblik la konnen eske tout bagay sa yo ap pase jis paske yo pa vle manager yo ankò.

LI ATIK SA TOU: MAC D ” BOUKE AK HARMONIK ” 19 JIYÈ LI KA KITE DJAZ LA

Men si ou byen gade rezon an, li pa fin byen chita. Pou 3 mesye sa yo mèt djaz yo, pa vle travay avèk myon anager pou Mac D arive, bay demisyon li. Yonn nan sous nou fè nou konnen, bagay sa ka gen plis pou wè avèk Sanders. Sanders ki se yonn nan manb djaz sa ki bay anpil problèm, depi avan Rodney Noel te kite. Pou nouvo album “Diferan” Sanders travay di pou li te ka yon siksè, sous nou fè nou konprann menm melodi piano (keyboard) ki fèt sou nan plizyè mizik sou album nan, se Sanders ki fè li sou gita’l, epi pote li bay Nick pou li jwe li sou piano an. Sa vrèman etonan pou Nick ke majorite moun nan Konpa konsidere kòm yonn nan pi gro pyanis ( keyboardist ) nan nouvèl jenerasyon an.

LI ATIK SA TOU: Haiti – Le Sénateur Moise Jean-Charles agressé et interdit de visiter Rony Thimothée

Daprè sous nou, se sa Sanders vle ki pou fèt nan djaz, se li ki pou fèt.

22 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top