Carifesta youn nan pi gwo manifestasyon kiltirèl nan Karayib la ap dewoule an Ayiti, yon chans pou nou montre peyi vwazen nou yo ak tout lòt peyi nan mond lan nou gen plis pase sa yo tande ak wè nan nouvèl yo. Nan moman anbyans kiltirèl sa a nou ap pwofite mete Kreyòl la devan yon mannyè pou lang tout pèp Ayisyen an patisipe tou. Ki moun k’ap fè l’? Osinon ki moun ki prè pou fè l’?
Chak jou nou pale ak poze kesyon sa yo men yo pa janm tande nou, sa k’ tande yo pa konprann nou epi sa k’ konprann nou yo pa gen pouvwa. Men kòm nou toujou tande sa, pawòl la kapab vole men ekriti a ap rete. Se youn nan rezon tou ki fè nou te deside mete sou pye yon rechèch sou aplikasyon lang tout popilasyon an konnen an ak yon baz syantifik nan tout nivo anndan peyi a. Sa te vin fè nou dekouvri tou gen anpil ti pa Ayiti fè se gras ak lang Kreyòl la ki se lang tout popilasyon an pale epi konprann ak san pou san an. Chat konnen rat konnen barik mayi a ta dwe rete nan plas li. Gen yon pwoblèm ki lakòz popilasyon an enkonsyan malgre li konnen ki enpòtans lang nan genyen pou peyi a sou tout baz men li neglije l’.
Gen nan nou k’ konprann lang Kreyòl la pa gen ase zouti pou fè syans men se pa fòt nou tou paske moun k’ap ekri yo pa ekri yon mannyè pou Lasyans pale Kreyòl tankou Dani Jislè yon matinikè te di sa. Nou dwe ekri nan lang nou an, fè rechèch epi pataje yo ak popilasyon an pou l’ kapab grandi paske jan anpil nan nou konnen sa tout sa k’ pa ekri kapab disparèt aprè yon bout tan. Nou di lang tout popilasyon an pale a pa gen tout tèm nou ta bezwen pou nou ekri, men nou ta dwe poze tèt nou kesyon pou n’ mande ki lang sou latè k’ te kreye ak tout tèm syantifik yo? Nan epòk Rene DEKAT (René DESCARTES) t’ap ekri ‘’Diskou sou metòd’’ lang lasyans se te Laten èske nou pa janm poze tèt nou kesyon nan ki lang li ekri l’ epi kòman l’ te fè rive boulvèse mond lan? Lasyans pa gen lang paske selon lasyans tout lang ki ekziste fè menm travay ki se pèmèt kominikasyon ant moun ak moun.
Gen moun ki ale pi lwen pou di lang Kreyòl la pa bèl paske pa gen vwayèl awondi pou fè grandizè lè moun sa yo ap pale. Men yon lang pa ekziste pou fè chèlbè, yon lang se yon sistèm ki tabli pou ede moun chanje lide san tèt chaje ak lè sa nesesè. Se pou sa tou nan liv “Yon Lekòl an Kreyòl an Ayiti” a nou eksplike klè kou dlo kokoye kisa yon lang ye paske lè yon moun jete lang li, kilti li, rasin li ak baz fondamantal kwayans li se tèt li l’ap detui. Tout tèm sa yo nou site la a marye ak lavi kretyen vivan, fòk tout moun ki fòme sosyete a respekte yo san distenksyon yon mannyè pou kapab toujou gen peyi, san sa n’ap toujou nan chire pit chak jou pi plis paske nou etranje sou pwòp tèritwa nou.
Nan ka sa a fòk se nou menm ki pou mete sou pye bon jan fòmasyon solid pou fòme moun pou demen peyi a. Si nou chak anvi pran pa nou nan richès peyi a n’ap toujou gen plis òganizasyon pase manje, lekòl ak enfrastrikti. Nan menm liv sa a nou prezante anpil mwayen k’ kapab ede nou retounen peyi a sou ray devlopman san nou pa bezwen anpil lajan osinon yon etranje k’ pou vin di nou men kisa pou nou fè ak men nan ki fason nou dwe fè l’. Yon Ayisyen dwe viv jan l’ dwe viv men se pa jan yo vle l’ viv paske Ayiti se manman libète, sa pa gendwa sòti nan sèvèl nou epi chak fwa nou sonje l’ gade Ayisyen ki bò kote w la souri avèk li paske se pa yon kado l’ te ye. Se san zansèt nou yo ki te koule pou zile sa a nou jwenn jounen jodi a n’ap koupe rache sou do l’ la. Istwa nou se youn nan kote pou nou premye voye je gade lè n’ap pale de devlopman, lè n’ap pale de demen ak linyon nan peyi Ayiti cheri nou an. Se pou sa tou lè n’ap eseye montre etranje nou kapab fòk nou fè sa pase nan lang tout popilasyon an pale a, yon fason pou chat pa pran lang nou lè pi piti yo mande nou kisa nou te regle demen.
Djems VILLARD