Haiti

Dominiken di yo pa rasis men yo pa vle Ayisyen nan peyi yo

Depi lontan Ayisyen ak Dominiken pa zanmi, depi lontan Dominiken rayi Ayisyen, depi lontan Dominiken ap fè Ayisyen mechanste, depi lontan dominiken pa vle Ayiti avanse, depi lontan Dominiken konplis nan yon pakèt vye zak malonèt k’ap fèt an Ayiti, depi lontan Dominiken panse ke yon afè ke Ayisyen, depi lontan Dominiken panse ke yo se blan, men epoutan…

KLIKE SOU LYEN SA POU W KA LI ATIK SA: Drapeau de la Rep. Dominicaine brûlé devant le consulat dominicain à Port-au-Prince

Malgre gen anpil Ayisyen ki ap viv Sen Domeng, malgre gen anpil Ayisyen ki al travay Sen Domeng, malgre gen anpil Ayisyen ki ale lekòl Sen Domeng, Dominiken trè trè jalou Ayisyen, yo jalou dèske Ayisyen te kolonize yo, yo jalou dèske yo wè Ayiti kanpe sou chimen devlopman, yo jalou dèske yo wè anpil etranje kòmanse al nan vakans an Ayiti, yo jalou dèske yo wè anpil biznis al envesti an Ayiti, yo jalou dèske le mond antye kòmanse wè ki tip de pèp yo ye.

kLIKE SOU LYEN SA POU W KA LI ATIK SA: Un Compatriote descend ce mercredi le drapeau Dominicain au Consulat General a Petion Ville et hisse le bicolore national

Si Ayiti ta rive vrèman devlope, ebyen Sen Domeng ap pèdi anpil touris, y’ap pèdi anpil lajan. Si tout Ayisyen ta retounnen nan peyi yo, ekonomi Dominiken an ap pran yon gwo frap. Y’ap pran frap paske yo pap jwenn Ayisyen ki pou bourike pou yo pou granmesi, y’ap pran frap paske mache Ayisyen an pral pi solid, y’ap pran frap paske lajan yo te konn ap fè sou do Ayisyen nan vann pwodwi yo ap ratresi.

Eske tout Ayisyen pa dwe kite Sen Domeng ?

dominiken

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top