HMI

Yon jèn gason manke pèdi zye li nan yon bal nan Orlando

Orland, FL – Si ou vle ale nan yon bal nan Florida, Orlando se yonn nan pi move kote. Se yonn nan zòn ki bay plis goumen nan Club Haitien nan Eta Florida. Li si tèman danje samdi ki te 22 Fevrier 2014, Klass t’ap pèfòme, mizisyen avèk fanatik te oblije kouri pou lavi yo akoz de yon goumen ki te pete nan bal la.

Gen moun ki te pran kout jilèt. Sa zye’l manke pete, gen sa ki gen pye yo deranje nan kouri, pou sove kò yo. Bagay batay nan Orlando a se yon bagay ki la lontan. 2 jenn gason ka te gen problèm yo depi lontan, lè yo kwaze nan bal la, se la yo kare batay. Inosan menm pran kou, viktim pou san rezon. Daprè nouvèl ki te tonbe, gen mizisyen ki te pèdi òdinatè, gen enstriman ki te kraze.

Yon kout jilèt yon jèn gason pran nan yon bal nan Orlando, FL

Yon kout jilèt yon jèn gason pran nan yon bal nan Orlando, FL

Ale nan yon bal nan Orlando, ou pran anpil risk, a nenpòt lè yon goumen ka pete, yo ka kòmanse tire, e ou menm ki pa menm nan zafè yo, ka vin tonbe yon viktim. E yo pa bezwen konnen si gen polis la, si pa gen polis, lè lè yo rive pou tire pye ebyen y’ap kòmanse tire pye tankou chwal ki mal sele ki gen maleng sou do li.

Si ou menm ou viv nan Orlando, oubyen ou al vizite Orlando, pran anpil atansyon si ou deside al pran yon ti plezi’w nan yon club Haitien, paske se la mesye yo fè randevou pou goumen fèt. E se la yo vle prouve moun ke yo se yon “THUG” Bandi legal, yo pa pè leta. Atansyon Pa kapon, pran prekosyon.

Yon kout jilèt yon jèn gason pran nan yon bal nan Orlando, FL

Yon kout jilèt yon jèn gason pran nan yon bal nan Orlando, FL

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top